Byenveni nan
Keep It Going NYC!
Seksyon sit wèb Keep It Going NYC sa a founi manm kominote ki pale kreyòl ayisyen yo ak enfòmasyon sou kijan pou mete men ansanm nan lekòl piblik Vil Nouyòk yo. Li founi fanmi yo ak zouti ak resous ki sipòte edikasyon pitit yo.
Konsènan Keep It Going NYC
Lekòl piblik nou yo deja ap fè anpil pwogrè. Nou deja konstwi yon fondasyon ki gen anpil fòs pou pi bon rannman nan lavni, men nou gen anpil travay ki rete pou fè.
Se pou rezon sa a Fund for Public Schools la te lanse yon inisyatif pou konesans piblik la ki rele Keep It Going NYC, ki enfòme Nouyòkè yo sou pwogrè lekòl nou an ap fè epi ankouraje tout moun mete ansanm pou kenbe siksè sa mache. Kolaborasyon avèk òganizasyon pou sipòte lekòl ak òganizasyon konminotè toutotou nan vil la, Keep It Going NYC founi zouti avèk resous pou fanmi yo ki sipòte edikasyon pitit yo epi bay Nouyòkè yo enfòmasyon sou ki fason yo ka mete men ansanm.
Lekòl ki gen siksè mande sipò ak patisipasyon pran yo, fanmi yo, ak vil la annantye. Lekòl piblik nou yo bezwen pou nou tout sèvi kòm volontè, mentò, kontribye, epi fè pati nan efò pou asire l tout 1.1 milyon elèv nan lekòl piblik Vil Nouyòk yo resevwa edikasyon yo merite an.
Fund for Public Schools la devoue pou amelyore lekòl piblik Vil Nouyòk yo ak fason li atire envestisman prive pou refòm eskolè a epi ankouraje patisipasyon tout Nouyòkè yo nan edikasyon pitit nou yo. Pou jwenn plis enfòmasyon, tanpri kontakte Fund for Public Schools la nan info@fundforpublicschools.org or 212-374-2874.
Èske w te konnen?
- To gradyasyon yo pi wo kounye a pase plizyè dekad.
- Deplase plis pase $350 milyon nan biwokrasi pou andedan lekòl yo.
- Nòt nan Anglè yo ogmante plis pase 10 pwen depi ane 2002.
- 100% pwofesè yo nan Vil Nouyòk sètifye.
- Finalis gran pri nasyonal pou zòn distri lekòl ibèn nan Etazini pou twazan patisipasyon.
- Depatman Edikasyon an anboche yon pwofesè pami chak senk aplikasyon yo resevwa.
- Pami 1.1 milyon elèv nan lekòl piblik Vil Nouyòk yo pale plis pase 150 lang lakay yo.
- Yo te ouvri 301 novo lekòl depi ane 2002 a.
Parents'Place
Parent’s Place la te fòme pou enspire ak sipòte paran yo, fanmi, ak moun ki founi elèv yo swen nan lekòl piblik Vil Nouyòk yo. Lè w patisipe tout kote ou kapab nan edikasyon li, lakay ou, nan salklas, ou ede pitit ou pou gen pi bon nòt, rete lekòl ak reyisi.
Nan Parents' Place la ou pral jwenn aktivite pou fanmi an ki amizan ak fason pou fè yon diferans nan lekòl pitit ou. Ou pral dekouvri nouvo fason pou ede pitit ou pou kontinye aprann pandan sezon vakans ete an lè w kite l patisipe nan aktivite ki amizan ak edikasyonèl. Patisipasyon w nan lekòl pitit ou montre li edikasyon gen anpil enpòtans pou ou. Ou ka enspire lanmou aprantisaj pou lontan nan piti ou. Parents' Place la pou ede. <
Resous ak Zouti
Ou pral bezwen Acrobat Reader pou ka wè ak enprime Resous ak Zouti Parents' Place la.
Klike la a pou ale nan
sit wèb Adobe a.
Telechaje novo vèzyon gratis la epi enstale si sou òdinatè w la.
Resous adisyonèl pou manm kominote an ki pale kreyòl Ayisyen disponib nan sit wèb Depatman Edikasyon Vil Nouyò (DOE) la. Liyen yo nan lis annapre la.
Paj Kreyòl Ayisyen DOE a
Gid pou Paran ak Fanmi 2006-2007
Dwa ka Responsablite Paran yo
Pwosesis Revizyon sou
Kalite Lekòl yo
Gid Alfabetizasyon Fanmi a
Lis Resous Sant Sipò pou Aprantisaj
DOE Egzijans Pou Gradyasyon
Kalandriye
Akademik
Règleman Chanselye yo
Edikasyon Espesyal
Gid pou Oryantasyon Elèv ki Andikape
Lèt sou Dwa Paran yo
Bwochi Paran Manm CSE yo
Moun K ap Aprann Lang Angle English language learners (ELLs)
Resous DOE ELL
Volontè
Lekòl Piblik Vil Nouyòk la bezwen tout paran Nouyòkè ak moun ki pa paran yo pou mete man nan sipò timoun nan vil nou an. Vil nou an se fwaye pou plizye òganizasyon rekoni ki founi opòtinite sèvis volontè ki gen anpil valè pou sipòte lekòl piblik yo. Si w you are enterese pou sèvi kòm volontè, mentò, oswa ofri èd nan ekspètiz ou genyen, tanpri konsidere kontakte yon nan òganizasyon li nan lis annapre a.
Aprann plis
Aprann plis
Aprann plis
Aprann plis
Aprann plis
Aprann plis
Aprann plis
patenarya ak lekòl segondè yo toutotou Vil Nouyòk la. Patnè patisipan yo dwe genyen omwens yon minimòm 15-20 anplwaye ki enterese pou fè sèvis kòm mentò sou baz youn-a-youn. Mentò yo sipòte elèv yo nan akademik, devlopman sosyal, eksplwatasyon nan karyè, ak konesans kiltirèl.
Aprann plis
Aprann plis
Donate
Nouyòkè ki la kounye an ak jenerasyon nan lavni yo depann sou lekòl piblik vil yo pou bon kalite edikasyon ki prepare yo pou travay demen. Lekòl nan vil nou yo deja fè anpil pwogrè, men gen plis ki dwe fèt toujou. Pou kenbe pwogrè sa a, Fund for Public Schools la ofri divès opsyon pou fè don: fè don pou yon lekòl, yon inisyatif chwazi, Tout lekòl piblik Vil Nouyòk la, oswa bay tou lètwa.
Apatide konstwi bibliyotèk jouk antrenman prensipal yo, don pou Fund for
Public Schools ranfòse fòs lekòl vil nou yo epi fè yon diferans ki siyifikan
nan lavi elèv yo.
Fè Don pou Fund for Public Schools la jodi ya lè w vizite www.fundforpublicschools.org oswa voye yon chèk pa lapòs pou:
The Fund for Public Schools
52 Chambers Street, Room 305
New York, NY 10007
Fund for Public Schools se yon òganizasyon endepandan 501(c)(3) san bi likratif, ak don yo taks dediktib.
Se finans prive ki peye pou tout Keep It Going NYC la.
Nou gen anpil rekonesans pou plizyè òganizasyon yo k ap travay pou ranfòse edikasyon piblik la ak founi opòtinite pou tout Nouyòkè yo mete men ansanm. Patnè nan òganizasyon Keep It Going NYC la enkli:













